Ayisyen-Ameriken yo, men koze-a
Majistra “ James Naugle Kandida anko”
Asosiyasyon Biznis Ayisyen ap ankouraje kominote Ayisyen-Ameriken an pou vote pou
majistra Naugle nan eleksyon kap fet nan mwa fevrye-a. Kominote Ayisyen genyen ampil
entere nan Majistra Naugle ki toujou ap ban nou kout men e toujou prezan nan tout sa nap fe nan
Fort Lauderdale; e nan peyi Dayiti li fe kado materyel nan “St. Marc” tankon pompye ak
ekipman pou safe pompye yo; e nan Okap Ayisyen li ap fe ampil demach pou vil Okap la jwenn
kamion pou rammase fatra, chez pou andikape, ak posiblite pou konpagni devlope biznis ant Kap
Ayisyen ak Fort Lauderdale pou kreye travay pou petit pep la.
Sa se yon komansman nan ampil bagay nou kap espere e kontinue espere nan Majistra Naugle.
Mezanmi on fe yon blok pou nou voye Majistra monte pou bon jan travay la fe.
An navan, an nale pou’n al vote pou Jim.
VOTE POU JAMES NAUGLE
POU MAJISTRA FORT LAUDERDALE 11 FEVRYE 2003
|